19 nov., 2024
Dyabèt se yon pwoblèm sante mondyal k ap grandi, epi estatistik yo alarmant. Selon CDC, 1 nan 3 adilt Ozetazini gen prediabèt, men 84% rete san dyagnostik. Dyabèt li-menm afekte plis pase 1 nan 10 Ameriken epi koute nasyon an plis pase $327 milya chak ane. Nan tout mond lan, prevalans dyabèt te katuple pandan 40 dènye ane yo, kounye a enpakte prèske yon demi-milya moun, selon Òganizasyon Mondyal Sante (OMS).
An repons a pwoblèm kritik sa a, Lakay Acces Sante (LAS) ak Jefferson Park Ministries te òganize yon atelier edikasyon le 15 novanm 2024, pou ogmante konsyantizasyon sou dyabèt nan kominote ayisyen an. Atelier la te vize pwomote yon pi bon konpreyansyon maladi a, pataje mezi preventif efikas, ak bay gidans sou aksè nan sèvis jesyon ak sipò.
Aktivite sa a fè pati yon seri inisyativ nan pwojè "Pwomosyon Sante Nouvo Imigran Ayisyen nan New Jersey", ki vize amelyore ekite sante ak rezilta pou kominote ki mal sèvi. LAS trè rekonesant anvèrs Horizon Foundation for New Jersey pou sipò finansye li nan pwojè enpòtan sa a.
Evènman an te reyini 17 imigran ayisyen ki te aktif patisipe nan sesyon an. Patisipan yo eksprime satisfaksyon reyèl ak enfòmasyon ki te bay yo ak rekonesans pou opòtinite pou aprann sou fason pou kontwole sante yo.
Ansanm, nou ka konbat dyabèt grâce a konsyantizasyon, prevansyon, ak sipò.
Etikèt ekite sante sante piblik

Leave a Comment